lundi 31 décembre 2012

De san nèf lane lendepandans

Onè pou nou tout
Respè pou nou tout

Nou tout ki ayisyen nan nanm kit nou anndan peyi a, kit nou nan zantray lot peyi, menm jan Tousen te dil rasin nou mare janm ak nanm peyi a, e sa se rasin ki pap koupe ki pap debranche, rasin nou ap mare grenn pa grenn nan yon linyon ki pa janm sispann depi Desan nèf lane. Jodi a chif yo byen tonbe, loto a bann twa boul  de san tou nèf ki pase koule anndan rasin sa yo ki fè nou pwofite de bon nouvèl sa a pou n swete nou tout : Bòn ane, Bòn ane !

Se de san nèf sa ki jayi anndann ki pouse n ekri nouvo tip diskou sa jodi a pou bay politisyen nou yo leson sou koman pou yo reflechi, reflechi yon jan pou lide ki kale nan tèt yo ka klere kou koukouy nan black-out menm yo menm lagen ladan l nan.

Frèn Sèn
Wi klere nan fè nwa paske lavi a pa ròz, e sou chimen yo meten nan solèy la pa sanble ap chanje koulè. Gen yon powèt, Antonio Machado ki te kanpe yon vwayajè sou chimen l, li te rele Ey! Vwayajè pa gen chimen ki tou fèt, vwayajè gen de lè ki rive pa gen chimen, se ou ki pou trase chimenw, se nan sitiyasyon vwayajè sa nou ye jodi a apre de san nèf lane vwayaj endependans ki pa pèmèt nou jwenn chimen limyè.

Rete! Vwayajè afè yon pa devan twa pa dèyè sa a fini, Si nap fè kita nago nou tout nap deplase an mas pou met ansanm nan gro senbol rasanbleman Kita Nago a kap soti Lèziwa pou rive Wanament paske men anpil sou wout la chay la ap mwen lou. Vwayajè ou pap fè back anko! Fok moun nou mete sou pouvwa a jodi a konn sou ki pye pou yo danse pou nou fè an avan paske nou pa gendwa gade dèyè ank ò.

Solèy la cho devann, solèy la ap tann nou nan bral. Men menm jan malè avèti pa touye kokobe fon pran konsyans ke sak fè nou pa janm rive manyen solèy sa a depi De san nèf lane endepandans se paske gen yon pousyè blanch ki kouvri solèy la ki pa vle nou wè avè l. Jodi a nap repran wout nou sou yon nouvèl ane endepandans an direksyon solèy la.

Koman pou nou pwofite de solèy sa a, ki se solèy devlopman, solèy endepandans, ki se solèy avni nou. Vwayajè pa gen de chimen poun trase, fok li sot nan ma dlo sal koripsyon ki anpechen mache, se yon chimen ki pou fè yon pon rasanbleman ant ayisyen ki anndan a ki lotbo dlo ki se pi gro sous veritab soutyen ke peyi a genyen, se pa takse pou n takse yo, se fè kob sa fè pitit nan bay moun nasyonal nou yo plis opotinite pou yo fè biznis nan peyi a pase moun aletranje, pou kob la pa vide nan kès leta tankou dlo nan yon paswa, ki fin rive isit ki tounen nan peyi blan an. 

Pou sa fèt se yon administrasyon solid pou nou bati, ki pwòp, ki gen san nèf ki koule lwil ladan l, yon san ki pa mele ak grès koripsyon ansyen sistèm lan ki anpeche san nèf la koule lwil soti nan kès leta rive nan venn pèp la. Yon grès koripsyon ki anpeche motè devlopman an mache lwil, pou li pran chimen li an avan!

Pousyè blanch ki mele ak grès sa a anndan motè devlopman an, se lajan blanchi nan dr òg ak move aktivite moun ki nan swadizan nouvo pouvwa a al pran jis nan lanmè rale vini sou teritwa nasyonal la, moun sila yo kale figi yo klè nèt nan figi tout moun nan swadizan nouvo pouvwa a, yo te nan linite nan koripsyon kounye a yo nan linite tèt kale !

Jodi a se avantaj demokratik ki pèmèt nou fè kritik pozitiv ak aprann politisyen nou yo koman nou ka fè yon nouvo tip diskou endepandans ki baze nan tèt ansanm antre nou e ki pa pale de bouche nen n pou n bwè dlo santi, dlo blanch, dlo kolera. Sepandan nou pap manje ankenn simagri bonbon demokratik stati la libète kap vann nou sak diri plen zetwal, tèt nèg. Nou vle chanjman an fèt nan kè kal, je kale.

Repran endepandans ekonomik nou se fè de chwa responsab. Se deside aji nan transparans pou pèp la wè klè nan zafè leta a, se sispann pale poun pa di anyen. Se devlope touris la yon jan pou lè kob la rantre nan lotel yo pou li profite vre ak nasyon an sinon grangou ap fè pèp la al bwè kloroks nan pisin lotel plen lajan blanchi sa yo menm jan sa fèt déjà. Malerezman nou remake ke se direksyon sa a leta a vle pran avèn jodi a, direksyon milat pòv se nèg, nèg rich se milat.   

Blan vle fè nou kwè nèg rayi nèg depi nan ginen, se pa vre. Yon enpotan prezidan ameriken te di fok yo mete nèg ak soulye kont nèg a pye pou yo ka gen dominans sou nou. Jodi a nou di non, peyi n pa pou vann. Lamerik Ayiti a pa pou ameriken. Gen moun ki konsekan nan peyi a e ki konn reflechi avan yo selebre. Pran konsyans gen moun ki paka fete nwèl e ki pa gen kapasite pou bwè yon soup jiroumou nan yon chalè familyal. A moun sa yo nou di gen konviksyon peyi a ap chanje demen, lè solèy la leve pou nou, lè leta a va aji nan transparans ak konsyans nasyonal.

Lapè, Lanmou ak Revolisyon!

Viv Lendepandans!

Fabian Charles